• USA

    -> 8298 NW 68TH ST, MIAMI, FL 33166-2824

    -> 8298 NW 68TH ST, MIAMI, FL 33195-2824

    -------------------------------

    TOUJOU SONJE METE KÒD SA

    (PQ-074009) SOU BWAT YO LÈ WAP VOYE KOLI NAN ADRÈS SA

  • Okap, HAITI

    Kontakte nou kounya :

    USA : 347-670-0319

    Haiti (Apèl) :

    Haiti (WhatsApp) :

  • Petite-Anse & Madeline, HAITI

    Kontakte nou kounya :

    USA : 347-670-0319

    Haiti (Apèl) :

    Haiti (WhatsApp) :

Kijan Pou W Voye Yon Koli?

1. Kontakte Nou

  • Ekri nou sou WhatsApp oswa rele nou pou fè premye kontak.
  • Nou ap ba w tout detay ou bezwen pou kòmanse.

2. Prepare Koli a

  • Mete atik ou yo byen anbalaj.
  • Asire tout sa ou voye pèmèt selon règleman nou (gade lis anba).
  • Mete kòd sa sou Bwat yo : PQ-074009

3. Voye Koli a Bay Nou

  • Nou ba ou adrès depo nou Ozetazini pou voye oswa depoze li.
  • Oswa nou ka ede w ak pick-up si sa disponib.

4. Peye ak Konfime

  • Ou peye frè transpò a (sou WhatsApp oswa sou sit la).
  • Nou voye resi ak konfimasyon ba ou.

5. Siveye Livrezon an

  • Nou ba ou yon lyen pou w suiv tout mouvman koli ou an tan reyèl.

Ki Sa Ou Ka Voye?

Nou Aksepte:

  • Rad, soulye, bijou, liv
  • Telefòn, tablèt, ti aparèy
  • Pwodui manje ki pa gate fasil
  • Pwodui bote, materyèl lekòl, elatriye

Nou Pa Aksepte:

  • Pwodui danjere (zam, gaz, pwodui chimik)
  • Medikaman san lisans
  • Pwodui ki deja ekspire
  • Lwil pa byen anbalaj oswa likid danjere

Konsèy Pou Voye San Pwoblèm

  • Divize gwo koli an plizyè bwat si li twò lou (100 lbs+).

  • Mete non ak nimewo moun k ap resevwa a sou chak bwat.

  • Pa voye atik ki pa pèmèt – sa ka mete w an danje oswa fè w pèdi koli a.

Bezwen Èd ?

Ekri nou sou WhatsApp, rele nou, oswa itilize bouton “Kontakte Nou” anba paj sa. Nou toujou la pou w, 7 jou sou 7.