Privacy policy
Politik sou Konfidansyalite & Règ Itilizasyon
Byenveni sou Nexa Xpress. Lè ou itilize sèvis nou yo, ou dakò ak règ sa yo. Tanpri li ak anpil atansyon pou w byen konprann responsabilite ou ak sa nou ofri.
1. Orè Depo & Resepsyon Kolis
-
Nou resevwa kolis Lendi rive Samdi, soti 9:00am pou rive 6:00pm.
-
Tout kolis dwe rive omwen 48 èdtan avan dat chajman prevwa.
-
Kolis ki rive deyò orè sa yo ap trete jou kap vini an.
-
Nou pa responsab pou kolis ki rive an reta.
-
Moun kap resevwa a dwe gen yon pyès idantite pou pran kolis li.
2. Anbalaj & Sekirite Kolis
-
Koli dwe byen sele, byen tache, epi mete nan yon resipyan ki solid.
-
Ou dwe ekri non moun k ap resevwa a, adrès Florida Nexa, ak kòd pèsonèl nou voye ba ou a.
❗ San kòd la, nou pap rekonèt kolis la e nou pap responsab.
-
Si gen bagay frajil, mete pwoteksyon espesyal (papye, plastik, elatriye).
-
Nou pap responsab pou domaj oswa pèt si kolis la pa byen prepare.
3. Pwodui Nou Pa Aksepte
-
Pwodui ki ka eksploze/koule: pafen, Clorox, alkòl, gaz, elatriye.
-
Pwodui entèdi: zam, medikaman san lisans, fo dokiman.
-
Manje ki gate vit san bon anbalaj oswa ki ekspire.
4. Pwa & Volim
-
Limit pwa: chak bwat pa dwe depase xxx lbs.
-
Si kolis ou lou, divize li an plizyè bwat.
-
Kolis ki manke kòd, enfòmasyon, oswa ki pa byen fèmen kapab rejte.
5. Reta & Responsablite
Nou pa responsab pou reta ki sòti nan:
-
Founisè tankou Amazon, eBay, Shein, elatriye.
-
Sèvis transpò tankou USPS, FedEx, UPS.
-
Sitiyasyon politik/aviwonmental ki an Ayiti.
-
Kolis ki voye an reta oswa san bon enfòmasyon.
🛑 Nexa Xpress pa founisè, ni distribitè — nou se yon sèvis transpò.
6. Responsablite & Angajman Nou
-
Nou trete chak kolis ak swen, onètete ak efikasite.
-
Satisfaksyon kliyan se priyorite nou.
-
Nou ka ede ou fè achte sou Shein, Temu, Amazon, Alibaba, elatriye.
7. Règleman sou Ranbousman
-
Pa gen ranbousman pou domaj/pèt ki pa sòti bò pa nou.
-
Tout demann ranbousman ap pase pa yon revizyon entèn.
-
Ranbousman sèlman si gen prèv klè ke Nexa Xpress fè erè.
8. Politik sou Domaj
-
Si domaj fèt pandan transpò pa Nexa, ou ka soumèt yon demann.
-
Nou pap responsab si kolis la pa t byen prepare.
-
Reklamasyon dwe fèt nan 48 èdtan aprè ou resevwa kolis la.
9. Kolis Ki Pa Rekipere
-
Moun nan Ayiti gen 7 a 14 jou pou vin chèche kolis la.
-
Aprè 14 jou: frè depo $30 US/jou ap aplike.
-
Aprè 30 jou: kolis la kapab retounen, donnen, oswa jere san ranbousman.
-
Nou voye notifikasyon pa WhatsApp/oswa apèl, men nou pa responsab si nimewo pa fonksyone.
Politik sou Konfidansyalite
-
Nou respekte enfòmasyon pèsonèl ou. Tout done ou bay yo rete konfidansyèl.
-
Nou pa pataje enfòmasyon ou ak okenn twazyèm pati san pèmisyon.
-
Tout kominikasyon fèt atravè kanal sekirize (SSL/HTTPS).
-
Ou ka kontakte nou nenpòt lè pou modifye oswa efase enfòmasyon ou.
Kontakte Nou
Pou nenpòt kesyon oswa reklamasyon, kontakte nou sou:
-
WhatsApp / Appel : 347-670-0319
-
Email : nexaxpress.infos@gmail.com
-
Adrès USA : 1201 NW 101st Street NP-116216 MIAMI, FL, 33147
-
Adrès Haïti : Cap-Haitien, Rue 16 M
💼 Nexa Xpress – Transparans. Sekirite. Livrezon rapid.