Voye sa ou vle, kote ou vle, lè ou vle.

Nou voye koli soti Ozetazini pou Ayiti vin pi fasil, pi vit, ak pi serye. Kit se rad, elektwonik, dokiman, oswa ti kado pou fanmi, nou la pou asire l rive san danje.

Kijan Pou W Voye Yon Koli?

1. Kontakte Nou

  • Ekri nou sou WhatsApp oswa rele nou pou fè premye kontak.
  • Nou ap ba w tout detay ou bezwen pou kòmanse.

2. Prepare Koli a

  • Mete atik ou yo byen anbalaj.
  • Asire tout sa ou voye pèmèt selon règleman nou (gade lis anba).
  • Mete kòd sa sou Bwat yo : PQ-074009

3. Voye Koli a Bay Nou

3. Voye Koli a Bay Nou

  • Nou ba ou adrès depo nou Ozetazini pou voye oswa depoze li.
  • Oswa nou ka ede w ak pick-up si sa disponib.

4. Peye ak Konfime

  • Ou peye frè transpò a (sou WhatsApp oswa sou sit la).
  • Nou voye resi ak konfimasyon ba ou.

5. Siveye Livrezon an

  • Nou ba ou yon lyen pou w suiv tout mouvman koli ou an tan reyèl.

Kisa Ou Ka Voye?

Nou Aksepte:

  • Rad, soulye, bijou, liv
  • Telefòn, tablèt, ti aparèy
  • Pwodui manje ki pa gate fasil
  • Pwodui bote, materyèl lekòl, elatriye

Nou Pa Aksepte:

  • Pwodui danjere (zam, gaz, pwodui chimik)
  • Medikaman san lisans
  • Pwodui ki deja ekspire
  • Lwil pa byen anbalaj oswa likid danjere

Konsèy Pou Voye San Pwoblèm

  • Divize gwo koli an plizyè bwat si li twò lou (100 lbs+).

  • Mete non ak nimewo moun k ap resevwa a sou chak bwat.

  • Pa voye atik ki pa pèmèt – sa ka mete w an danje oswa fè w pèdi koli a.

Bezwen Èd ?

Ekri nou sou WhatsApp, rele nou, oswa itilize bouton “Kontakte Nou” anba paj sa. Nou toujou la pou w, 7 jou sou 7.

ⓘ AVI ENPÒTAN ⓘ

  • Moman lapli enfliyanse peryod livrezon yo

  • Depi koli wap voye a paret sispèk, yap voyel nan yon Locker pou fè entèvansyon sou li

  • Si yon moun bliye mete kòd la, Koli a prale nan yon locker. Moun nan sipoze voye yon rekèt pou envestigasyon. E sa ka pran anviwon 1 mwa e sa ka koute $20 USD kòm frè.

Voye yon Koli